
Haïti, Ma Chérie 🇭🇹 👑
- Jeff Damour
- Jun 21
- 2 min read
Updated: Jun 23
Manman mwen, Ayiti,
Mwen ekri ou lèt sa a avèk lanmou e fòs ki pi wo pase mòn yo. Mwen santi kè ou k ap bat anba pwatrin mwen, mwen santi chak kout kouto trayizon w te resevwa depi twò lontan.
Haïti, ma chérie, ou se Rèn tout lòt peyi . Ou se yon bèl fanm nwa, majestye, ki gen yon diyite ki pa janm fennen, malgre tout van ki te vle kònen pou etenn flanm ou. Ou se fondasyon libète pou tout limanite, yon fanm ki te sakrifye tout bagay pou lòt moun te ka respire. Men, jodi a, sa fè m mal pou m wè kijan pitit ou yo, sa yo ou te pote nan vant ou, sa yo ou te bay lèt ou, tounen moun ki bliye w, moun ki neglije w, ki abandone w nan men moun ki pa konnen valè w.
Yo kite lènmi an chita nan salon w. Yo kite etranje antre nan kay ou, yo manje nan asyèt ou, epi yo menm ap bay lòd sou tè sakre w. Yo pa gen plas yo la. Yo se vòlè, yo se lènmi anndan kay la ki vin simen dezòd nan yon kote ki te fèt pou klere. Men, manman, se pa fòt ou, se fòt nou menm pitit ou yo ki te pèdi wout nou.
Men, mwen la. Nou pote pou ou: 101 Frequency a. Nou leve pou n defann ou.
Li lè pou w kanpe, Manman! Li lè pou w souke pousyè ki sou rad ou a, pou w mete kouwòn ou dwat, epi pou w gade mond lan nan je. Montre yo ke ou pa viktim; ou se gayan! Montre yo ke malgre tout sa yo te fè w, ou se yon pouvwa ki pa janm ka etenn. Lè w kanpe, se pa sèlman tè a k ap tranble, se vèti ak jistis ki ap reprann plas yo.
Haïti, ma chérie, se pou w sonje kiyès ou ye. Ou se pitit Bondye, ou se limyè nwa a. Li lè pou w montre fo mond sa a ki jan pouvwa w mache, epi kite yo wè kiyès ki vrè mèt kay la.
Mwen pwomèt ou, nan chak aksyon m ap poze, nan chak travay m ap fè, se pou mwen leve nivo w. Nou pap kite w pou kont ou. Nou la pou n reprann sa ki pou nou an.
Rete djanm, Manman. Kenbe tèt ou byen wo. Solèy la ap leve, epi fwa sa a, li pap janm kouche ankò.
Avèk yon lanmou san limit, ak yon fòs ki pap janm febli,
Pitit Gason w,
Jeff Damour 101
"Lè moun k ap mache dwat yo gen pouvwa, pèp la kontan; men lè mechan an ap dirije, pèp la ap plenyen."-Pwovèb 29:2
My God Is The Greatest Power





Comments